Aplikasyon sa a se sèlman pou yon nominasyon Prezidan Borough a fè nan yon CEC. Tanpri ale sou Pòs Prezidan Borough ak Defansè piblik ap nome pou jwenn yon aplikasyon apa pou pòs defansè piblik la nome nan Konsèy Edikasyon pou Vil yo.
Elijiblite pou nominasyon nan yon CEC baze sou lekòl primè ki pou zektè ou abite a (zoned school) oswa biznis ou an. Chèche zoned school ou a la ahttps://schoolsearch.schools.nyc/
Ou pa bezwen gen yon timoun nan lekòl sa a oswa nan okenn lekòl ki nan distri a. Pou jwenn detay sou elijiblite, ale sou Pòs pou kandida prezidan borough ak Defansè piblik ap nome oswa voye yon imèl ba nou nan Elections2025@schools.nyc.gov
Depatman Edikasyon (DOE) pral deside si w elijib ak voye aplikasyon w lan ba prezidan Borough ki apwopriye a pou l pran desizyon final la. Y ap avèti sou desizyon DOE a pa imèl; kidonk, voye tout kesyon yo nan biwo Prezidan Borough a.
Aplikasyon sa a pa konsève done yo epi yo dwe ranpli yo nan yon sèl sesyon. Nou ta konseye w fè deklarasyon kandida a nan yon dokiman Word separe epi kopye (copy) ak kole (paste) vèsyon final ou a nan seksyon deklarasyon kandida a.